Gouvènman an pral monte pri gaz la, daprè premye minis Ariel Henry ki lage plis dife sou kolè vag protestasyon popilè yo

1,417

09-12-2022

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Premye Minis Ariel Henry pale ak Nasyon an nan sware dimanch 11 septanm 2022 a, yon fason pou l te fè konnen latriye pwoblèm peyi a ap konfwonte, sitou kriz gaz la. Nan dènye soti l la, chèf gouvènman an anonse ogmantasyon pri gaz la sou mache a, nan jou kap vini yo.

“Nou pral ajiste pri gaz la”, sa a se deklarasyon Premye Minis Ariel Henry fè nan sware dimanch lan. Lokatè primati a lage fraz sa a nan moman li tap adrese nasyon an sou sitiyasyon sosyo-politik, ekonomik ak sekirite.

“Nou vle gaz la disponib nan tout ponp yo nan tout peyi a. Nou ap travay sou li, nan yon ti tan ki pa two long li ta dwe disponib regilyèman” daprè chèf Gouvènman an ki tap depoze.

«Mwen konnen moun ki pral eseye chofe tèt nou, di nou pran lari pou pri gaz la pa vini nan pri nòmal li. Yo pap kontan wè nou jwenn bon jan solisyon dirab paske plis peyi a gen pwoblèm, se plis yo panse yo ka fè lajan epi fè mobilisation pou fè kapital politik yo »

Nan fen diskou li bay nasyon an, Premye Minis Ariel Henry, ki baze sou zak vyolans ak piyaj ki anrejistre nan dènye manifestasyon yo, lanse yon apèl bay popilasyon an pou kalme epi rasire yo ke gouvènman an ap travay pou kapab aplike pwogram sosyal nan peyi a pou amelyore kondisyon lavi nou.

Pou anpil sitwàyen, diskou 2 grenn goch ak san sans Ariel la, lage plis gaz sou etensèl dife protestasyon ki pa sispann miltipliye atravè peyi a ki deja an ebulisyon.

Comments are closed.