Chanbelan: Pou yon ènyèm fwa, yon bandi annafè enskri nan pwogram “Bwa Kale” a.

839

07-26- 2023

Chanbelan, Ayiti____(TRiboLAND) Laure Jozil, sa fè yon 3èm pwezime malfektè, kèk manm popilasyon an, nan sant vil komin Chanbelan, rache avèk kout manchèt e mete dife sou kadav li. Yo akize viktim nan, kòm moun yo ta fè kwè ki genyen enplikasyon nan lanmò yon jèn gason ki te mouri mò sibit nan Chanbelan.

Kèk obsèvatè ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, mande otorite lajistis avek lapolis, e sektè dwa moun, pou frennen kalite operasyon BK sila yo nan komin yo, yon fason pou anpeche twòp moun mouri pandan ke yo ankouje pou genyen lejislasyon sou zafè sòsèlri nan peyi Dayiti.

Comments are closed.