Ayiti – Foutbòl : Lis Jwez konvoke pou 2 pwochen match seleksyon Ayisyèn Fanm nan.

2,815

John Jean Jacques

03/17/2022
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nicolas Delépine, seleksyonè ekip Ayisyèn Fanm nan, devwale lis 22 jwèz ki pral pote koulè seleksyon nasyonal la pou 2 dènye match premyè faz elimimatwa koup di mond 2023, zòn Konnkakaf la.

Aprè 2 match pou 2 viktwa nan kad eliminatwa koup di mond 2023 a, Seleksyon Ayisyèn Foutbòl Fanm nan pral antame 3e ak dènyè rankont li pou fèmen premyè faz eliminatwa sila a kont Zile Vyèj Britanik (9 avril) epi Kiba (12 avril). Pou 2 rankont enpòtant sa yo, Nicolas Delépine konvoke 22 jwéz pou kapab vin defann koulè peyi a. Pami yo 7 grenadyè ki dènyèman te fè pati ekip U20 an.

Pa rapò a dènye rasanbleman seleksyon an, prèske tout grenadyèz ki te jwe 2 premye match yo prezan nan lis sila a, sof Ruthny Marthurin ak Méghane St-Cyr ki absan.

Men lis la :

Gadyèn : Madelina Fleuriot, Nahomie Ambroise, Sophia Lara Larco

Defansè : Jennifer Limage, Esthericove Joseph, Kethna Louis, Mirlan Raquel Pierre Jerome, Bethina Petit-Frere, Chelsea Surpris, Tabita Joseph

Milye :   Melchie Daelle Dumornay, Danielle Étienne, Dayana Pierre Louis, Mirlène Dorcé, Maudeline Moryl, Sherly Jeudy

Atakan :   Nerilia Mondesir, Roseline Eloissaint, Batcheba Louis, Roselord Borgella, Mikerline Saint Félix, Rose-Alya  Marcelus

Comments are closed.