Pa genyen sekretè deta nan gouvènman Ariel Henry la

08/13/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Atravè yon sikilè ki soti vandredi 13 out 2021 an, secrete jeneral Pwimati a, Charles Faustin konfime ke gouvènman Ariel Henry genyen sèlman 18 minis ki fòme li.
Konsa, li envite tout minis konsène yo pran desizyon nesesè pou yo rekipere tout byen ak mèb ki rele leta chèmèt chè mètrès e ki anba men tout sekrete deta sou gouvènman pwesedan an.
Sikilè a rapouswiv pou l di, yon parèy desizyon efektif apati vandredi 13 out 2021 an.






