Tèrib aksidan sikilasyon nan mòn Kanapevè : 3 moun mouri ak plizyè latriye blese

1,771

03/08/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Dràm  nan Mòn Kanapevè, pou pi piti genyen 3 moun ki mouri ak yon latriye blese nan yon aksidan sikilasyon nan debi sware mèkredi 9 mas 2022 a nan kapital Pòtopwens la.

Dapwè revelasyon yon sapè ponpye ki te nan operasyon “pote sekou” yo ki konfime kontrèman ak yon seri sous ki fè eta de 10 moun ki ta mouri, li te obsève 3 kò sanvi ak divès lòt moun blese ke polisye soukomisarya Kanapevè tap bwote lopital san pèdi tan.

Kidonk, enfòmasyon yo fè eta de yon kamyon sèvis netwayàj 10 wou ki ta pèdi fwen nan Mòn Kanapevè, zòn Sent Mari tou pwe soukomisarya  a kote ke li vide atè yon ti bis ak plizyè moto sou pakou li jiskaske li arive chavire 10 wou anlè, dapwè sapè ponpye Jose Pierre Frantzy ki konfime ke kamyon an tap transpòte fatra ak ranblè, alòske yo te oblije itilize detèjan pou netwaye anpil lwil motè kamyon an sou wout aksidan an.

Nap raple chofè kamyon an ta sanble pran lyann pou li, alòske rezo sosyàl yo pa sispann ap jwe marèl ak kantite moun ki mouri yo nan yon parèy tèrib aksidan.

Comments are closed.