PNH mete anba kòd 6 endividi nan Tijo

86
1
Share:
TRiboLAND

Par Louis Jameson
03/06/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Polis nasyonal la atravè inite direksyon santral polis jidisyè a (DCPJ) fouke 6 moun ki fè pati sèvis entelijans nasyonal (SIN) jounen samdi 5 mas 2022 a.

Lapolis jwenn endividi sa yo nan yon machin Ford Explorer ki gen koulè ble, imatrikile (DD-07859) e gen nan men yo 7 pistolè, 1 fizi AR-15 e 4 jilè bal.

N ap site, Ladouceur Schelmer, Mendelssohn Medna, Benjy Benjamin, Ladouceur Schamyr, Jailot Vladimyr, anfen Wilson Maître ki anba kòd lapolis.

Nan moman sa, polis jidisyè nan peyi Dayiti ap tande malfwa sa yo nan lide pou konnen kibò yo jwenn materyèl sa yo ki lakoz y ap fonskyone lib e libè konsa?

Share:

1 comment

  1. Laurette Wahdan 1 February, 2025 at 15:54 Reply

    The crux of your writing while sounding reasonable initially, did not sit properly with me after some time. Someplace throughout the paragraphs you were able to make me a believer but only for a very short while. I still have got a problem with your jumps in logic and you would do well to help fill in those breaks. In the event that you actually can accomplish that, I would surely end up being impressed.

Leave a reply