Anplwaye Lopital Sentantwann yo nan Jeremi , pase yon vitès siperyè pou fòse minis Sante a peye yo.

851

12- 12- 2023

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Anplwaye Lopital Sentantwann yo nan Jeremi, fèmen baryè rantre prensipal lopital lan, e yo kanpe travay jounen madi 12 desanm 2023 a. Selon enfo ke TRiboLAND arive rekeyi, pwotestatè arive livre bay divès paran, moun ki nan mòg.

Objektif mouvman leve kanpe sa a, selon majorite pèsonèl nan diferan sèvis yo, se mande minis sante a doktè Alix Larsen peye yo salè 3 mwa aryere, antanke anplwaye nome, plis 13 mwa lajan Kolera LONI an.

Comments are closed.