Jouvens Emile ak tout gadyen li Edmond Augustin pote demanti fòmèl kont deklarasyon kazèk premyè seksyon kominal Tigwav la Rilnord Délicieux

09 – 05 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (Radyo Tele 109 fm) Juvens Emile tout moun konnen sou non Baz Ameriken ak gadyen li Edmond Augustin rankontre laprès vandredi 04 septanm 2026 lan, nan Vyalè zòn Vye Chemem, nan objektif pou pote yon demanti fòmèl konsènan yon deklarasyon kazèk premyè seksyon kominal Tigwav la, Rilnord Délicieux fè kont yo menm ak jij nan tribinal sivil jiridiksyon Tigwav la.
Jouvens Emile kalifye akizasyon Délicieux yo san fondman; li deklare ke pa genyen bagay konsa ditou ditou. Okontrè, li sezi tande se sou Radyo tradisyonèl ak rezo sosyo kazèk Rilnord ap site non yo kòm gang tèryen ki nan konbinezon ak kèk aktè nan chèn penal la k’ap mache vòlè tè moun nan premyè plèn. Pami tè sa yo, Délicieux fè konnen ke genyen 10 kawo tè ke li t ap jere pou Janton Michel.
Mandatè ak gadyen tè a, Jouvens Emile ak Edmond Augustin pote demanti kont kazèk Délicieux ki ta vle fè kwè ke espas la se te 10 kawo tè; yo pote presizyon pou fè konnen, espas la se 6 kawo 3 A de tè li ye. Yo deklare, yo genyen yon kabinè davoka ki genyen mèt Alcide Laguerre kap defan’n yo e lajistis tande yo deja. Konsa, y’ap tan’n yon deside nan kad dosye sila a.
Yon lòt kote, mandatè tè a, Juvens Emile ak gadyen li, Edmond Augustin denonse mesye AJPV yo ki abite tou prè tè a, yo di k’ap mare konplo pou yo pran tè sila. Jouvens Emile presize
JOICY Arnold, Radyo Tele 109 fm.igwav
Tigwav






