Refonksyonman konsula peyi Etazini nan Kiba

03/03/2022
(TRiboLAND) Nan kàd yon alonj progresif pou yon seri sèvis viza pou migran, anbasad Etazini nan Havan, Kiba anonse refonksyonman konsula li ak redemaraj yon seri sèvis, dapwè Timothy Zúñiga-Brown, chaje dafè anbasad peyi Tonton Sam nan jodi jedi 3 mas 2022 a.
Selon diplomat Zúñiga-Brown, peyi Etazini konte voye plis diplomat ameriken nan Kiba yon fason pou kapab bay plis jarèt pou fasilite yon angajman diplomatik ak angajman pou sosyete sivil Kiba a nan delivre yon sèvis konsulè ki pi djanm. “Nou santi nou kontan pou nou anonse ke anbasad Etazini nan peyi Kiba pràl redemare ak repedalaj sèvis limite viza pou migran yo sou yon vwà legal pou rekoneksyon fanmiy ant peyi Kiba ak peyi Etazini”, dapwè diplomat la ki tap depoze.
Antouka, konsula Etazini an ki te fèmen nan peyi Kiba depi 2017 lan, pràl relouvwi pòt li nan yon konteks gwo tonton tansyon ak dife volan ant peyi Etazini ak Larusi, akoz lagè ki eklate ant peyi Ikrèn ak Larusi.






