Plizyè òganizasyon ak siyatè Akò Montana nan nòdwès lonje dwàt jouda sou admistrasyon PHTK a ak tout gouvènman Ariel Henry a.

02/22/2022
Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon latriye òganizasyon ak sinyatè Akò Montana yo nan nòdwès tankou: Rezo òganizasyon nòdwès, Sosyete kiltirèl Jèn Ayisyen (SOKIJA), RAMACS, ASO, FPP, Rasin Kan Pèp, Abitan poun site sa yo sèlman, denonse nan yon nòt pou lapwès jounen madi 22 fevriye 2022 a, fason ansyen rejim tèt kale a, ak gouvènman Ariel Henry a ap depafini peyi a.
Nan sans sa a, pòt pawòl òganizasyon yo ak sinyatè akò sila yo, Me. Kerby Joseph drese yon bilan sonbre kotel lonje dwèt li sou ekip Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a, li di ki tabli yon ensekirite jeneralize ak pwòp bandi legal yo yon fason pou masakre, vyole epi kidnape moun pasi pala, mete sou lavi chè, grangou ak mizè rere.
Pou kore seri akizasyon sa yo, pòt pawòl la mete aksan sou divès rapò sou vyolasyon dwa moun òganizasyon yo rive pwodui tankou: rapò sou masak Lasalin, Bèlè, Site Solèy, Tokyo, Delmas 32 e rapò sou dilapidasyon sakèt Petwo- Karibe, CIRH elatriye.
Yon lòt bò, reprezantan divès pati sa yo, montre mekontantman yo genyen kont pozisyon gouvènman Ariel Henry a lèl deside nan konfyolo ak lapolis maspinen ouvriye yo ak kout baton epi bayo gaz lakrimojèn pandan yo deside revandike dwa salaryal yo.
Devan sityasyon grav e san parèy sa yo, divès reprezantan òganizasyon sinyatè akò montana yo ,jije li enpòtan pou tout pitit peyi a pran responsabilite yo yon mannyè pou rive koupe fache ak rejim sanginè sila ki mare sosis li ak kò gang KORE GWOUP pou fini ak pèp ayisyen an.
Genson HYPPOLITE






