ULCC convoke ansyèn Minis Ekonomi ak Finans lan Marie-Carmelle Jean-Marie
Pòtoprens_____(TRiboLAND) Se demen lendi 7 septanm 2020 an vè 10 è nan maten, Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) envite ansyèn minis Ekonomi ak Finans nan kad ouvèti yon ankèt.
Yon parèy envitasyon soti bò kote Alatèt enstitisyon an (ULCC), Hans Jacques Ludwig Joseph ki bezwen plis eksplikasyon sou yon kontra ant Leta ayisyen ak yon konpayi konstriksyon peyi Lachenn ki rele China National Automation Control System (CACS).
Youn nan kesyon deki lakyèl madan Jean-Marie gen pou reponn gen pou wè avèk yon projè ki rele Ekspansyon ak Reyabilitasyon Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture ki nan Pòtoprens.
Nap raple, se pa premye fwa ansyèn minis Ekonomi ak Finans lan tonbe ale nan rakonte devan ULCC.
Comments are closed.