Kowòdonatè MPDSLNO a kritike absans otorite yo nan Senlwi-Dinò


02/15/2022
Senlwi-Dinò______(TRiboLAND) Etienne Jackson ki se kowòdonatè Mouvman Peyizan pou Devlope Senlwi-Dinò, kritike absans otorite yo nan komin Senlwi-Dinò.
Nan sans sa a, Mesye Etienne evoke kesyon ensekirite ak ensalibrite ki achte vil Senlwi-Dinò lajan kontan; konsa, devan pòt tounen dèyè kay.
Kòdonatè a, kritike fason vil Senlwi-Dinò ap depafini anba je otorite yo, patikilyèman kondisyon Gran Ri Senlwi-Dinò a; kote machin ak moto paka sikile akòz gwo branch bwa ak fatra ki okazyone anbouteyàj ki bay rezidan yo gwo laperèz.
Pou rive kenbe eskanp figi vil la yon ti jan, kowòdonatè MPDSLNO a, fè konnen se gras ak jefò sitwayèn ak sitwayen, ki donk sosyete sivil la ki pa sispan fè sakrifis pou bay komin nan yon tikal ogsijèn.
N ap raple, vil Senlwi-Dinò nan tan ki te pase yo tap boujonnen e byen administre. Li te genyen yon repitasyon nasyonal kòm youn pami plizyè lòt vil ki te pwòp atravè peyi Dayiti.
Genson HYPPOLITE






