Senlwidinò : Plizyè rezidan kap viv nan site Cillon mande entèvansyon lameri nan dosye tè leta yo.

514
3
Share:
TRiboLAND


09 – 07 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen vann tout tè leta nan site Cillon san DGI ak lameri pa janm okouran de sitiyasyon makawon sa kap evolye andedan site a.

Selon kèk sitwayen ki anfèmye oubyen achte tè nan zòn litiral la, ta fè kwè lafanmiy Kervy fè yo peye 15 a 25 mil goud nan biwo kazèk 3èm seksyon an pou bay yon ti resi. Si se achte 100 a 15, 000 mil goud. Nan sans sa peyizan yo ap mande otorite konsène yo nan komin nan pran responsabilite yo paske patikilye pa gen dwa pou ap vann tè leta, epi nan yon pri ekzajere.

Site Cillon se yon zòn vilnerab, kote Rivyèba te konn pase lè sezon lapli epi rivyè a fè yon sèl ak lanmè. Otorite yo dwe pote yon atansyon soutni sou fenomèn sa kap evolye nan rejyon an, kote fanmiy konsène yo ap anfèmye epi vann espas toupre kote lanmè arekile pou moun fè kay ou bidonvil.  

Share:

3 comments

  1. Elucson 7 September, 2024 at 14:56 Reply

    Nan yon kominote afè tè sa konn koze pwoblèm sitou vwazen ak vwazen akoz tè yo pa apante epi de tanzantan yap polye anviwonnman an se rezon lamèri ta sipoze pran sa anchaj pou evite pwoblèm kont rezidan yo nan senlwidinò.
    TRiboland.com. Latòti

Leave a reply