PM Ariel Henry pa arive rankontre ak repwezantan Akò Montana a

3,114

02/14/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) PM Ariel Nan kad chita tande ki te prevwà ant responsab akò Montana yo ak Pwemye Minis Ariel Henry nan ofis li jodi lendi 14 fevriye 2022, nad marinad sa pa arive fèt. Ahhhhhh! Ta sanble PM Ariel Henry ta bliye chita tande ki te planifye pou jodi lendi 14 fevriye a!

Rete tann nan biwo PM nan pou yon bon bout tan, san pèsòn pa mande yo ki mò ki te touye lanperè, sa esplike nan ki nivo nèg swadizan dirijan lakay konsidere afè peyi a. Responsab Akò Montana yo estime se yon mank elegans bò kote administrasyon biwo Premye Minis lan ki kite yo chita ap tann pou pwèske yon bon bout tan jiskaske yo tounen pwàtann nan biwo pwemye chèf nasyon an ke plizyè medya nan peyi lòt bò dlo ta akize ki genyen anpil pou wè avèk planifikasyon asasinay pwezidan Jovenel Moise 7 jiyè 2021 pase a.

Antouka, pou responsab Akò Montana yo ki di ke yo pap fè jwèt manje tè ak afè peyi a; yap kontinye fòmule yon korespondans bay PM Henry, ke yo ta swete ki pran an konsiderasyon sityasyon “desann nan lanfè peyi a”. Konsa, mesye dàm Montana yo mande pou tout moun pran nòt e yo genyen bònn volonte. Yo mete aksan sou yon parèy atitid ki te fèt menm jan vandredi pase nan moman yon tap rankontre ak PM Henry ki pap menm genyen elegans pou te eskize reta li apwè ke yo te chita ap tann pou apepwè 40 minit, dapwè Magali Comeau Denis, yon Gran Toryan reprezantativ pou Akò Montana a ki tap ekspwime mekontantman li sou yon radyo nan kapital la apwèmidi lendi 14 fevriye 2022 a.

Comments are closed.