Pakè pòdpè: James Mazard, kòm akize kidnapè Telphort Juvens libere alòske yo kenbe Jean Patrick

276

11\05\2020


Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon pwen de pwès, jounen mèkredi 4 novanm 2020 an, chèf pakè pòdpè a, Me Jean Volney Belamin, prezante bay lapwès kidnapè Telphort Juvens l’an, Jean Patrick, e libere James Mazard, denonse kòm moun ki te asosye ak Jean Patrick.

Kidnapè a, ki tap reponn kesyon korespondan Triboland yo, konsyan de zak ke l poze a, deklare se pandan l’al chaje telefòn epi l envite ti moun 9 lane sa a,al dèyè mango, konsa li te arive poze lapat sou li.

Kidnapè Jean Patrick, bò kote pal renonse ak denonsyasyon ke l te fè sou jèn inivèsitè James Mazard, kote l deklare devan mikro lapwès, se paske polisye yo tap bastone li, ki lakòz, li te fè yon deklarasyon parèy.
Konsa, envèstigasyon ak evidans montre jèn inivèsitè James, pat genyen dwèt li tranpe ni depwè ni delwen nan zak kidnapping lan.

Konsa, komisè gouvènman an, Me Jean Volney Belamin, nan sikonstans l’an, pwosede ak liberasyon James Mazard e bay garanti disi vandredi, dosye kidnapè Jean Patrick, ap gen pou rive douvan kabinè enstriksyon.

Genson HYPPOLITE, gensonhyppolite8@gmail. Com

Comments are closed.