Asnel Aristide, yon lòt Jounalis nan Vil Pòdpè di planèt la babay.

152
0
Share:
TRiboLAND
Asnel Aristide


John Jean Jacques

Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon lòt jounalis espò nan vil Pòdpè bay planèt do aprè plizyè jou kouche malad.


Aprè “Jacques Ajusma” ki te gen ti non gate, Mastè Kilo, Laprès nan vil Pòdpè pèdi yon lòt manm jounen samdi 12 fevriye 2022 a nan lakou Pòtoprens.

Asnel Aristide, ansyen jounalis espò Radyo New Star ak Radyo Kapwa Fm nan vil Pòdpè, pat gaya nan dènye jou say o. Konsa, kondisyon sante li ki tap deteryore te oblije yo antre nan kapital la avèk li, dapwè enfòmasyon ki rive jwen TRiboLAND

Kòm lanmò se yon pasaj oblije ke tout moun dwe pase, nou di Asnel Aristide bon travèse; li devan e nou dèyè. Ke nanm jounalis la repoze nan lapè etènèl!

Share:

Leave a reply