Plizyè manm gang 400 Mawozo tonbe e “Kabwit” ki se yon bandit sangwen jwen arestasyon li kòm reselè

2,955

02/09/2022

Kwà Dèboukè_______(TRiboLAND) Nan yon nòt tou bouk eke li mete deyò, Lapolis Nasyonal konfime plizyè manm gang sangwen 400 Mawozo jwen lanmò alòske yo arive mete men nan kasav yon pwezume bandi ki rele Anis Evenson alyàs “Kabwit” yè madi 8 fevriye a nan komin Kwà Dèboukè, patikilyèman nan zòn Micho.

Sangwen yo jwen lanmò yo nan moman yon operasyon polisye ki te vize pou debloke wout nasyonal # 8 nan nivo Micho, Kwà Dèboukè. Fòs sekirite yo arive flite plizyè bandi nan echanj kout zam e yo arive konfiske yon fizi pèlen e pwosede ak arestasyon “Kabwit” ki te toujou sèvi koutche pou 400 Mawozo nan kad fè resèt ou pote lèt bay komèsan, lidè kominotè, pèsonalite relijye ak edikatif yon fason pou reklame gwo magogo lajan ki pou otorize yo fonksyone.

Katye tankou Rakèt, Marasa ak Dival pa epanye nan resèt gang yok ap fè lalwà, krim, vyòl, egzasyon, degèpisman ak ekstèmine vi popilasyon an.

Comments are closed.