Komisè gouvènman Pòtopwens lan envite Magalie Habitant pou parèt devan tribinal

2,406

Louis Jameson, 02/03/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Komisè gouvènman Pòtopwens lan Mèt Jacques Lafontant envite ansyen direktris jeneral sèvis metwopoliten ak kolèt residi solid la (SMGRS) pou parèt devan pakè.

Kidonk, vandredi 4 fevriye 2022 nan vè 10 zè nan maten, se dat komisè a kenbe pou resevwa Magalie swit ak arè kou siperyè dèkont e kontansye administrative (CSC/CA) ki te fèt 19 novanm 2021 an.

Envitasyon sila arive fèt nan lide pou komisè pakè a, Jacques Lafontant foure je l byen fon sou jesyon ansyen direktris Magalie Habitant nan enstitisyon jere fatra sila.

Nap raple w, non ansyen direktris Magalie Habitant site nan plizyè zak koripsyon ak soupson rizyèz pandan pasaj li nan tèt SMGRS la.

Comments are closed.