Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl deside anbwase monn teknoloji a

2,634

John Jean Jacques
01/29/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Mwa fevriye 2022 kap vini la se dat ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ki gen nan tèt li Nesmy Manigat kenbe pou nimerize sistèm ministè a.

Nan lide pou pote chanjman fas ak pwoblèm anpil etidyan ap travèse nan peyi Dayiti, minis Manigat fè konnen, relve nòt ak diplòm ofisyèl yo pral aksesib an liy. Pou minis la, se yon obligasyon pou nimerize tout achiv yo nan kàd pwogram ki batize “lekòl paka tann”.

Li enpòtan pou sonje ke, pwogram “lekòl paka tann” lan kontinye ap fè chimen l nan kapital la. Pandan mwa janvye a pòt lekòl Matisan ak lekòl Site Solèy rewouvri pou pèmèt anpil etidyan ki te kite lekòl depi k`ek tan retounen al pran moso pen lenstriksyon.

Comments are closed.