Pòdpe SOS : AVIS DISPARISYON

01/25/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nicolas John Kerry kite lakay li depi samdi 24 janvye 2026, anviwon 10è nan maten, e li poko retounen. Adolesan an abite nan zòn Deside, ki sitiye nan 6e seksyon kominal Polen / Lakòn.
Daprè manm fanmiy li ki lanse yon SOS bay tout popilasyon an, yo mande tout moun ki ta rankontre Nicolas John Kerry pou yo kontakte yo san pèdi tan sou nimewo sa yo :
3324-8901 / 4352-9855
Papa Nicolas la, Pierrerilien, anpil moun konnen sou non Kèkèyè, ansanm ak tout fanmiy lan, ap viv yon gwo moman enkyetid. Yo mande tou, si yon moun ta jwenn Nicolas, pou li mennen l nan yon estasyon radyo oswa yon pòs polis ki pi pre.
Tanpri pataje enfòmasyon sa a pou ede fanmiy lan jwenn pitit la pi vit posib. Se mesaj fanmiy lan lanse pou sipliye tout moun bòn volonte






