End : gaz toksik touye 6 apwè depozisyon pwodwi chimik nan yon zòn inapwopwiye

3,318

01/07/2022

Gujarat, End______(TRiboLAND) 6 moun mouri e yon ventèn transpòte lopital apwè ke yo te fin aspire yon gaz toksik nan yon izin tinti enpwimri nan peyi End apwè yon dechaj dechè chimik deklentche jedi 6 janvye 2022 a.

Dràm nan pase nan vil endistriyèl Surat nan Leta Gujarat byen bonè nan maten. Travayè djobè yo te trouve yo nan izin nan nan moman pwodwi chimik lan tap devèse nan perimèt espas la, dapwè sa responsab lapolis yo fè konnen.

“Pwodwi chimik lan deklentche e kanalize nan yon kote ki genyen petwòl e arive koule nan perimèt izin nan, e reyaji avèk yon lòt pwodwi nan dlo e tonbe kreye yon gaz toksik”, dapwè sa Basant Pareek, chèf ponpye nan Minisipal Surat fè sòti.

“Travayè yo te kòmanse ap suvoke apwè ke yo te fin rale gaz la nan sèvo yo. E lè nou te rive nan espas la, yo te gentan vide atè nan moman yo tap eseye kouri chape poul yo”. Konsa, 6 nan yo arive mouri e 23 ospitalize e yo nan yon eta kritik anba vantilatè, dapwè Pareek ki kontinye ap depoze.

Dràm gaz toksik pa nouvo nan peyi End. Pi gwo dràm nan date lane 1984 kote yon gaz metil isosyanat deklentche nan yon faktori pèstisid ki se pwopwiyete yon konpayi ameriken ki rele “American Union Carbide Corporation” nan vil Bhopal, touye plis pase 5,0000 moun.

Comments are closed.