PÒDPÈ: Yon nouvo fwechè pou Legliz Sen_Lwi Grinyon de Monfò

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Legliz Sen Lwi Mari Grinyon de Monfò,ki trouve l nan dyosèz Pòdpè, ki te sibi gwo frap vyolan gwoudou gwoudou 5 – 7 Oktòb 2018 –la ki te fè anpil ravaj nan Nòdwès, finalman restore.
Nan okazyon an, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi te rive chante anndan Legliz Sen Monfò-a ayè Samdi 20 Juiyè 2019 la; anprezans Evèk Emerit Pòdepè a, Mgr Frantz Colimon, Siperyè Pwovensyal Pè Monfòten yo nan peyi Dayiti, Rev. Pè Jean Jacques SaintLouis, Vikè pwovensyal Pè Monfòten yo, Rev. Pè Ciné Cyriaque, yon dizèn prèt Monfòten melanje ak dyosezen ,Mè Adjwen komin Pòdepè a,Madàm Yanic Agènor Auguste ak yon milye fidèl Katolik ki te soti toupatou nan Nòdwès.
Prensipal selebran an , Mgr Pierre Antoine Paulo ,Evèk Pòdepè,nan omeli sikonstans lan , pa t manke felisite Fidèl Senmonfò yo li di ki kwè nan Tèt Ansanm. Selon Mgr Paulo, gen mwayen pou n rive konbat KÒRIPSYON nan peyi Dayiti paske nan transparans, tout moun wè ki kote Kire Pawas Senmonfò a, Rev. Pè Rébert Beldorin mete lajan tout fidèl ki te kontribwe nan restorasyon Legliz la.



Siperyè Pwovensyal Pè Monfòten yo nan peyi Dayiti, Rev Pè Jean Jacques Saint Louis te pran lapawòl nan sikonstans lan, fè konnen Kongregasyon Monfòtèn -an mete kap li sou 30 Daou 2021, pou selebre 150 lanne lè 3e misyonè Monfòten yo te fè aparisyon yo nan peyi Dayiti; se te Yon 30 Daou 1871. Deviz espiritwalite yo se “Faire Ensemble” e se kouran Faire Ensemble sa-a ki travèse Kire Pawas Senmonfò a, Rev Pè Rébert Beldorin, ki fè n rive gen Legliz Senmonfò restore oubyen renove.

Kire Pawas Senmonfò a, Rev Pè Rébert Beldorin, di Bondye Granmèt la mèsi. Anplis, li felisite tout Fidèl Senmonfò yo alawonnbadè kit Annayiti oswa Aletranje ki te pat manke fè yon sèl tèt kole pou arive rann restorasyon Legliz la posib, yon restorasyon ki evalwe a plis pase 15 milyon goud.
Antouka, depi apwè Bendiksyon Solanel Legliz Sen Lwi de Montfò-a Samdi 20 Jwiyè 2019 la, sou inisyativ Mgr Pòdpè-a, Pierre Antoine Paulo, tout fidèl katolik gen aksè ak Legliz sila-a. Bravo Rev. Pè Rébert Beldorin!
Wiskis Jean, TRiboLAND






