Daniel Fernández Perez, yon gadyen kiben debake nan Club “Carvaly AS”

2,137

Par John Jean Jacques 12/22/2021

Leyogàn_____(TRiboLAND) Yon gadyen kiben 23 lane debake nan “Carvaly AS” club divizyon 1 kap evolye nan Leyogàn.

Nan objektif pou pwepare match lig chanpyon nan zòn “Concacaf” la, “Carvaly AS” kontinye ap ranfòse. Apwè aparisyon ansyen kapitèn Akayè a, Clifford Thomas, nan semèn ki sot pase a, dirijan club la deja ofisyalize vini yon lòt jwè, yon kiben ki jwe kòm gadyen ki gen sèlman 23 lane.

Daniel Fernández Perez, debake nan club leyoganè a kòm ranfò kòm gadyen pou lig chanpyon nan zòn “Concacaf” la. “Carvaly AS” ap gen pou li demare konpetisyon an kont “New England Révolution” yon club kap evolye nan MLS la nan peyi Etazini.

Nap raple ke poko gen pyès detay ki bay sou transfè sila a.

Comments are closed.