Kap Ayisyen : mache Cluny pran dife; erezman sèvis ponpye te gentan vijilan

2,546

12/21/2021

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Pwèske yon semèn depwi ke vil Okap soti plonje nan dràm ak yon eksplozyon tankè gaz ki detwi lavi plis pase 90 kretyen vivan san konte yon laj kantite bwile grav, yon lòt dife pran aswè madi 21 desanm 2021 an nan mache Cluny, pi gwo espas demele piblik ki nan mitan tèt dezyèm vil peyi a.

Konsa, dife sa ke otorite yo poko detèmine orijin li, te arive pat kapab reziste anba vijilans ak rapidite sèvis ponpye ki te deja gen kontwòl yon parèy ensidan ki ta sanble pa komèt twòp gwo dega ak viktim.

Dife pasi pale, se yon lòt fenomèn ki ajoute nan nich kriz kap bwàse bil peyi Dayiti ke politisyen sangwen ou dirijan ayisyen esèvele pa sispan efondre nan tout nivo.

Nap raple se menm jodi madi 21 desanm 2021 an ke otorite yo te deside chante funeray senbolik viktim Kafou Samari yo ki te fèt ak 4 sèkèy sèlman nan yon sikonstans imilyan ak dezonorab ki te mete fanmiy viktim yo ankolè.

Comments are closed.