Bandi sangwen kidnape 2 sitwàyen kiben nan Pòtopwens

12/20/2021
Pòtopwens_______(TRiboLAND) Selon AlterPress, genyen 2 resòtisan kiben ke bandi sangwen arive kidnape nan moman yo tap ale nan imigrasyon ki nan kapital la, Pòtopwens.
2 viktim sa yo ki pote non: Enides Galano ak Andrid Alfredo Abad (enjenyè) tap travay pou antrepwiz AutoPlaza ki se yon shop kap vann machin, dapwè sa Graciela Limonta ki se pwezidan asosyasyon rezidan kiben yo rapòte bay yon jounal kiben.
Sepandan, osito kidnapè yo te pran kontak ak fanmiy viktim yo kote ke yo egzije ranson an echanj liberasyon kiben yo, Anbasad peyi Kiba ki nan Pòtopwens, pat pran tan pou antreprann demach apwopwiye bò kote otorite ayisyèn yo.






