Leta dispose 6 milyon goud pou nenpòt moun ki fasilite arestasyon John Joel Joseph, Félix Badio ak Jij Wendel Coq Thélot

185
0
Share:
TRiboLAND

08/27/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Minis jistis sekirite piblik la, Rockfeller Vincent vle pase yon vitès superyè nan ankèt sou asasina ansyen pwezidan Jovenel Moise la, lè li deside ofwi 6 milyon goud Lesko a nenpòt ki moun ki kapab bay enfòmasyon ki kapab fasilite arestasyon ansyen senatè John Joel Joseph, Félix Badio ak Jij Wendel Coq Thélot.

Antouka, sa pa gen lontan ke yon jij ki pote non Garry Orélien e ki ta sanble pa genyen anpil eksperyans, dapwè yon seri jiris pwofesyonèl asèpte enstwi dosye asasinay Jovenel Moise la, alòske lapolis pa sispan chèche tankou chyen fou John Joel Joseph, Félix Badio ak Jij Wendell Coq Thélot ki nan sere apwè ke lajistis lonje dwàt sou yo kòm pwezume koupab asasinay la pami anpil lòt koupab.

Share:

Leave a reply