Ajantin ofwi peyi Dayiti yon milyon dòs vaksen Astrazeneca

1,809

10/22/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Peyi Ajantin ofwi peyi Dayiti yon stock vaksen Astrazeneca ki estime a yon milyon dòz.

Yon parèy don antre nan kàd demach anbasadè ayisyen nan Ajantin, Vilbert Bélizaire ak minis Afè lòt bò Dlo ajantin an, Lic Santiago Cafiero, ansyen chèf kabinè pwezidan ajantin nan, Alberto Fernandez apwè kèk chita pale sou ranfòseman kowoperasyon ekstèn ant 2 peyi yo ki afiche angajman yo nan konbat flewo mòtèl kovid-19 la.

Selon sa yon sous otoritè konfye TRiboLAND, responsab sante yo nan gouvènman ayisyen an manifeste anpil kontantman ak rekonesans fas ak yon parèy asistans ki vize konbat epidemi kovid-19 la ki kontinye ap fè dega.

Sepandan, genyen endikasyon ki lèse kwè ke gouvènman ayisyen an ap laloz pandan ke lap etidye ki mèyè fòmul stratejik pou sansibilize yon popilasyon ki pentàd pentàd fas ak kovi-19 la e vaksen an.

Comments are closed.