Dràm nan Kap Ayisyen : plis pase 40 moun mouri bwile nan yon eksplozyon sitèn gaz

3,074

12/14/2021

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Popilasyon kapwàz la leve jwen nan Kafou Samari jodi madi 14 desanm 2021 an, yon kantite enpwesiv kadav kalsine ki pa idantifyàb san konte plizyè ki ta pran wout lopital “Kafou Lanmò” ak yon karantèn kay bwile. Se kri, se dezespwà total kapital!

Selon yon temwen nan katye Kafou Samari, yon bidonvil nan Lafosèt, yon kamyon sitèn gaz ki te soti Pòtopwens, patine e antre anndan yon kay vè 12 : 20 am. Konsa, li pat pran tan pou popilasyon an te kouri vare sou kamyon an yon fason pou bwote gaz. Manèv ak taktik pou transpòte gaz deliberaman okazyone yon gwo eksplozyon ki lakoz yon masiv moun mouri kalsine e yon pakèt latriye moun bwile grav. Selon dezyèm majistra Kap Ayisyen an, Patrick Almonord, ki deklare genyen plis pase 30 – 40 kay bwile.

Selon kèk revelasyon, chofè a tap eseye epanye yon chofè moto; konsa, kamyon an antre anndan yon kay. Malgre chofè kamyon an te alète rezidan yo pa pwoche; anpil nan yo te tonbe ap fwape tank kamyon an anba kout mato. Kidonk gwo eksplozyon arive fèt nan moman anpil moun tap domi nan plizyè kay nan katye yo. Selon, Almonord yo ta deja konte depase 40 kadav.

Comments are closed.