Ajan UDMO Sidès nan konplisite ak lajistis demantle yon gwoup gang nan Kay Jakmèl.

327
0
Share:
TRiboLAND


07 – 30 – 2024

Jakmèl, Ayiti ___(TRiboLAND) Ajan UDMO nan depatman Sidès peyi a, dekonsè avèk komisè gouvènman pakè pre tribinal premye enstans Jakmèl la, Mèt Pierre Wilner Dormevil demantle yon gwoup gang sansal nan premye seksyon lokalite Jètdo, Kay Jakmèl nan fen jounen madi 30 jiyè 2024 la.

Komisè Pierre Wilner ki pat vle bay twòp detay nan kad dosye sila, fè konnen se ta yon sèten Pye Blanch ki ta nan têt gwoup gang sangwen kriminèl sa a. Dapwè chèf pakè Jakmèl la, Pye Blanch se yon evade prizon ki malerezman chape pou l li.

Toutfwa, komisè Dormevil bay Popilasyon sidès la garanti, lap travay nan tèt kole ak lapolis, lajistis e popilasyon an pou demantle kelkeswa moun ki ta mete nan tèt yo yap fòme gwoup gang sansal nan depatman Sidès la.

Share:

Leave a reply