Harnaaz Sandhu, se nouvo Miss Univè ki kouwone pou ane 2021 an

1,828

12/13/2021

Tel Aviv, Izrayèl______(TRiboLAND) Harnaaz Sandhu, 21 lane, natif natal peyi End, leve gwo lo kouwònman Miss Inivè 2021 an yè dimanch lan nan peyi Izrayèl. Pami senk dènye finalis pou Miss Inivè pou ane 2021 an, fanm endyèn nan te jwen gras nan je juri a ki te kapitalize sou valè ak pozisyon defansiv ke li genyen sou dwà fanm.

Nap raple, te genyen yon 25 kandida ki te repwezante plizyè peyi tankou Ayiti (Pascale Belony) e Kolonbi, ki te deja pèdi pye depi anlè.

Harnaaz Sandhu ki byen pase anba grenn je juri a, pwàl pran plas meksikèn Andrea Meza ki te kouwone kòm Miss Inivè pou ane 2020 an.

Comments are closed.