Mizè, grangou, sechrès: responsab yo nan Mawotyè di Leta ayisyen yo poko pare pou ouvèti lekòl la

293

Mawotyè, Pòdpè___(TRiboLAND) Abitan kap viv nan Mawotyè, 4e seksyon kominal pòdpè, depatman nódwès, rele anmwe devan mizè, grangou, lavichè, k’ap fè yo monte le syèl pa do, san konte gwo sechrès ki fin touye zannimo ak jaden akoz absans lapli nan kanton an.

Kowòdonatè KASEK zòn nan, Ervilus Monmus denonse inaksyon otorite anplas yo li di ki pa mete kanpe okenn pwogram sosyal pou akonpanye popilasyon an ki kontinye ap viv nan mizè rere.

Ervilus Monmus k’ap prezante yon tablo tris de seksyon lap dirije a, mande pou otorite yo nan pòtoprens mete sou pye program asistans sosyàl ki djanm. Konsa, papa ak manman pitit yo kapab jwenn mwayen pou fè faskare ak rantre lekol la fikse 10 Out 2020 an.

Nap raple profesè lekòl prive ak piblik yo nan depatman nòdwès la prensipalman nan vil pòdpè, deklare y’ap toujou rete mobilize pou boycott aktivite lekòl la. Atitid sa, pral pèmèt Ministè Edikasyon Nasyonal reponn ak egzijans profesè yo e peye yo aryere salè rasi depi dig dantan.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.