Youn pami 6 pitit fi Malcom X yo mouri anndan yon apatman nan Brooklyn, New York

266
0
Share:
TRiboLAND

11/23/2021

Brooklyn, New York______(TRiboLAND) Pitit Fi Malcom X, (youn pami gwo leader dwà sivik lane 1965 yo) Malikah Shabazz mouri nan apatman li ozanviwon 4 : 40 a.m. nan East 28th Street nan Brooklyn, New York.

Dapwè yon seri rapò pweliminè, yon pitit fi Shabazz jwen li mouri. Sepandan, otorite lokal yo ta ekate tout enplikasyon kriminèl nan yon parèy lanmò ki rive kèk jou apwè ke yo egzonore 2 endividi pou akizasyon asasinay Malcom X ki date 55 lane.

Nap raple, Leader dwà sivik la, Malcom X te genyen 6 pitit avèk Betty Shabazz; yo te inikman fi. Non yo se : Gamilah Lumumba Shabazz, Ilyasah Shabazz, Malaak Shabazz, and Malikah Shabazz, Qubilah Shabazz, e Attallah Shabazz. Malikah Shabazz te genyen 56 lane. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!

Share:

Leave a reply