Gouvènman Moise-Jouthe la ap gonfle ponyèt li pou fè fas ak sezon siklonik lan

374

Pòtopwens___(TRiboLAND) Gouvènman Jouth-Moise vle ranje kabann li pi bonè avan kat mare twa nan kad pweparasyon sezon siklonik la.

Jodi Lendi 1 Jwen an 2020 ki konsakre kòm pwemye jou ofisyèl sezon siklonik (1 Jwen – 30 Novanm) lan pou blòk Karaib la. Nan sans sa, pwezidan repiblik la, Jovenel Moise deja antisipe konplikasyon kovid-19 la ak peryòd siklonik la pral bay anpil lawouli.

Dapwè Ajans Amerikènn Dlo ak Lanmè, anpil pwevizyon mande fòk nou pwepare nou paske ane a ap aktiv. “Leta deja mobilize e ap fè ramasaj resous apwopwiye yo yon mannyè pou reponn ak evantyèl dezas yo”, dapwè sa ki te endike sou kont tweetè pwezidan Jovenel Moise.

Jovenel ke anpil moun estime ki echwe nan jerans kovid-19 la, envite popilasyon an pou yo rete vijilan e montre respè pou konsiyn Pwoteksyon Sivil yo. Pa bliye, syantis yo pwevwa yon lane aktiv nan kad sezon siklonik yo. Yo pwevwa: 16 sistèm, 8 ouwagan, ak 3 ouwagan majè.

Comments are closed.