Konseye prezidan Smith Augustin kalifye rimè, eskandal ki ta fè kwè li mande prezidan konsèy BNC a lajan pou rekondwi-l

470
0
Share:
TRiboLAND


07 – 29 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Konseye prezidan Smith Augustin kalifye kòm rime, eskandal ki ta fè kwè li se youn nan manm KPT a ki mande prezidan konsèy bank nasyonal kredi a (BNC) 100 milyon Goud pou rekondwi-l nan pozisyon an.

Smith Augustin di li pa gen anyen pou wè ak yon bagay konsa. Ekip jiridik li deja ap travay kont tout akizasyon sa yo, si moun ki dèyè zak malonèt sa pa pote prèv yap genyen pou fè fas ak lalwa.

Konseye prezidan an, remèsye fanmiy ak tout senpatizan politik ki rete solidè ak li, li pwofite di tout aktè nan peyia se pa mòd eskandal sa yo peyia bezwen nan moman an, men pito travay pou kreye yon klima sekiritè pou popilasyon an kapab vakye ak aktivite yo.

Konseye prezidan fini pou di, peyia bezwen fini ak mòd pwatik sal karaktè moun pou defann enterè politik. Nou bezwen fè politik la yon lòt jan pou byennèt peyia pandan nap fokis sou sa ki enpòtan ki se : sekirite, kreye travay, lavi chè se sou sa yo li menm lap travay.

Share:

Leave a reply