Gwo kout zam ap chante ant yon nich inite PNH ak bandi G9 nan Delma 3 ak 4

1,809

10/26/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Gwo detonasyon kout zàm ap chante nan Ba Delma nan moman ke nap redije yon parèy tèks. Selon temwen kap viv yon moman laperèz fè eta de yon pakèt inite PNH la ki anvayi Delma 2 ak Delma 4 ak nan perimèt Kafou Avyasyon kote ke yap kontre kònn ak gwoup gang Jimmy Cherisier, alyàs Barbecue.

Genyen lòt vèsyon ki ta deklare ke se yon va san zatann ke PNH fè sou Barbecue ke yo detèmine pou ansèkle e mete jwèt nan men Alatèt G9 la ki deja pa sispan teworize popilasyon ayisyènn nan.

Comments are closed.