Anbasadè Dominiken an nan Kiba bay demisyon-l

0 392

Sen Domeng__(TRiboLAND) Anbasadè Dominiken an nan Kiba, Joaquin Geronimo Berroa remèt lèt demisyon li bay Pwezidan Danilo Medina Jedi 17 Oktòb 2019 la, akoz pwoblèm kap sakaje Pati Liberasyon Dominikènn an (PLD).

Nan yon lèt li mete deyò ayè Jedi-a, diplomat la fè Medina konpwann pa rapò ak yon seri pwensip ak rezon pèsonèl, li “pa ka kontinye ap akonpanye-l nan jistifikasyon yon seri pwatik, pou mwen sa pa asèptab e li ale kont inite Pati-a ak esans demokrasi e volonte popilè-a.”

Li remèsye Medina pou onè li te fè li lòske li te ba li opòtinite pou patisipe nan gouvènman an pandan senk dènye ane sa yo.

Demisyon Berroa a vini touswit apwè Dirèktè ekzekitif Komisyon Pwezidansyèl Regilasyon Famasetik Nasyonal la demisyone akoz rezon pèsonèl ak pwofesyonèl.

Leave A Reply