Gwo lèse fwape ant imigran ayisyen ak ajan imigrasyon nan Meksiken

0 343

Jedi 21 Novanm 2019

Tapachula___(TRiboLAND) Gwo lèse fwape ant plis pase 200 imigran ayisyen ak ajan imigrasyon Meksiken ansanm ak Gàd Nasyonal deklentche nan zònn sid vil Tapachula semènn pase a.

Dapwè Enstiti Nasyonal Migrasyon (INM), konfwontasyon yo te deklentche lòske divès imigran tap fòse antre nan biwo INM nan ki regularize migrasyon. Divès pouse ak kout pwen pat manke manifeste devan biwo.

Yon gàd nasyonal te menase ak gwoup ayisyen sa ak gaz lakrimonaj si tout fwa yo pat resezi yo. Konsa, Ayisyen yo tap konplent de 6-8 mwa mizè rere rete tann pou rezoud estate imigrasyon yo. Dapwè responsab INM yo, ayisyen yo te enpasyan nan rete tann viza imanitè pou vwayaje ou rete nan peyi Meksik.

Pandan katchouboumbe-a, 300 lòt imigran pami yo Afwiken, Ameriken Santral, ak Kiben ki te la tou, te oblije mete kò yo sou kote yon fason pou sa pat afekte pwosesis dosye imigrasyon yo. Lapolis federal te ofwi imigran ayisyen yo dlo ak lòt asistans apwè aranjman nesesè ki te apeze sitiyasyon an.

Se pa pwemye fwa katchouboumbe konsa arive fèt devan biwo INM lan nan zònn sid vil Tapachula nan Meksik.

Leave A Reply