Kidnapping 17 sitwàyen ameriken nan Kwà Dèboukè moute tansyon gouvènman ameriken an

2,217

10/17/2021

Wachennton________(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ke li akòde CNN, manm komisyon afè lòt bò dlo chanm repwezantan yo, depite Adam Kinzinger mande administrasyon Biden lan pou li degaje l kon mèt Jan Jak e dispoze tout sa ki nesesè pou yo libere misyonè ameriken yo ke gwoup gang sangwen “400 Mawozo” kidnape yè samdi a nan Gantye, nan komin Kwà Dèboukè.

Akote sa, genyen repwezantan Kankakee a nan eta Ilinòy ki pwefere mande gouvènman Biden chèche jwe jwèt laloz yon fason pou arive negosye liberasyon otaj yo nan men kidnapè yo sank e yo pa peye oken ranson. Yon konsiderasyon ki pa ditou antre nan santiman Kinzinger ki egzije pou gouvènman ameriken libere ameriken yo sou nenpòt ki fòm; menm si se itilize lapolis oubyen lame.

Nap raple, repwezantan BINUH nan peyi Dayiti, Helen La Lime te deklare se gang yo ki pèmèt genyen yon akalmi anndan peyi Dayiti.

Comments are closed.