Pastè Jean Pierre Ferrer Michel ke minis jistis ak Enteryè a te fè kidnape a jwenn liberasyon li

1,981

10/25/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Pastè Jean Pierre Ferrer Michel, Legliz Jesus Center ki te anba men kidnapè pandan 23 jou jwenn liberasyon li apwè ke pwezume chèf kidnapè a, minis Jistis ak Enteryè a te entèvni sou Radio Scoop FM jodi lendi apwèmidi 25 oktòb 2021 an nan objektif pou dezenfekte tèt li.

Kidonk, se yon veritab eskandal santi kri pou gouvènman Ariel Henry a ki ta sanble genyen apeti pou nome minis ki nan kidnapping kap pyafe nan malpwòpwete gang anba je yon popilasyon ki plonje nan “somèy bay vag” ak “tolerans”. Ki yès ki te ka arive kwè ke peyi Dayiti tap rive nan yon moman kote ke yon Pwemye minis ap nome gang ak sangwen kòm minis Jistis ak enteryè?

Anpil kritik ki byen fonde lonje dwàt sou minis la ki tap eseye vanje pastèJean Pierre Ferrrer Michel ki te ansanb avèk madanm li. Konsa, li te voye kidnape pastè Michel ki ta sanble tap fè drivayès ak pechadò anndan legliz Jezi kri a.

Nap raple, fanmiy pastè Michel te oblije vèse plis pase 300 mil dola ameriken e malgre sa li pat janm jwenn liberasyon li; konsa, yon pitit fi li te oblije pran wout lapwès e menase pou mete anpil bagay deyò sitoutfwa konsène kidnapè pa libere papa li.

Li enpòtan pou sinyale, Norman Wiener jwen liberasyon li egalman. Konsa, ki lè chèf kidnapè a ap asèpte libere anpil lòt malere ak misyonè ameriken ki anba grif gang sangwen Quitel yo.

Comments are closed.