Anbasadè ayisyen an nan Ajantin komemore lanmò Anperè Jean-Jacques Dessalines avèk anpil fyète

2,347

Buenos Aires_____(TRiboLAND) Nan yon sàl ki ranpli ak divès kopatriyòt ayisyen nan anbasàd peyi Dayiti a nan peyi Ajantin, Doktè Vilbert Bélizaire tankou li toujou fè li, pwofite mete anpil aksan nan kàd jounen 17 oktòb 2021 an, dàt komemorasyon lanmò Papa nasyon ayisyèn nan, Anperè Jean-Jacques Dessalines.

Kontrèman a jan sa pase nan reyaksyon gwoup gang yo ki te anpeche Pwemye minis Ariel Henry pwezante yon jèb flè nan pye papa nasyon an nan Pon Wouj jodi dimanch 17 oktòb la, kominote ayisyèn nan nan peyi Ajantin, patikilyèman nan kapital la, Buenos Aires, te mobilize e plonje nan refleksyon ki ede yo konprann pi byen ki bwavou, detèminasyon, sakrifis ak vizyon Anperè te genyen pou yon peyi ke li te swete wè tout moun egal ego, patikilyèman sa yo ki te genyen granparan yo an Afrik.

Nan okazyon an, youn nan konferasyè enpwesiv, elegant ki tap depoze, se yon etidyan an Jeni, Madàm Erica Jeudy ki genyen 5 lane depi ke lap viv nan peyi Maradona a. Nan yon fòma konferans-deba, anpil patisipan tap emèt bonjan pwendvi. Avèk yon elan patriyotik, Anbasadè Bélizaire te pwofite vide lapawoli sou odyans lan ki te trè atantif, antouzyàstik ak apweyansif sou lavi Jean-Jacques Dessalines. Yon moman ki te ankouraje konpatriyòt ayisyen yo rechaje batri patriyotik ak zantray yo yon fason pou kontinye batay ou vanse ak eritaj Anperè a ki pat janm swete wè “tèritwà san vèse” a redwi nan yon nivo ki bay anpil dlo nan je jounen jodia.

Yon anbyans byen reyisi, men ki fini twò vit pou anpil patisipan! Yon efektif plis pase 40 patisipan te reponn avèk kontantman e swete wè ke yo pase plis tan ansanm pwochènn fwà. Yon rekèt ke anbasàd la deja pran an konsiderasyon, sitou nan kàd pweparatif 18 novanm pwochen nan okazyon komemorasyon Batay Vètyè a!

Comments are closed.