Sant konpetans konstriksyon (SKK/ CCC), yon konpayi k ap mande pou konpayi TPTC repanse sou yon seri konstriksyon yo remèt nan Pòdpè, Nòdwès.

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Atravè yon konferans pou Laprès, jounen dimanch 25 me 2025 lan, Sant Konpetans Konstriksyon (SKK/CCC), yon konpayi konstriksyon nan vil Pòdpè, k ap feraye nan domèn konstriksyon, kritike konpayi TPTC, Nòdwès, pou move travay konpayi a kontinye remèt nan Nódwès, vil Pòdepè anpatikilye.
Direktè enstitisyon sila, Enjenyè Fernand Wedson, rapousuiv pou fè konnen, ” tout travay konpayi TPTC reyalize nan Pòdpè, tèt koupe ak “lave men souye atè”; se yon seri travay ki fèt ak anpil neglijans.
Youn nan pi move travay direktè depatmantal TPTC, Nòdwès la, Ing Angelot Joseph Horacuis ap remèt, se konstriksyon Wout nasyonal Pòdpè / Ansafolè ki gen yon espas 7 mèt, kote prèske 2 machin pap kapab fè kwazman.
Diirektè Fernand Wedson fini, pou adrese l ak direktè depatmantal TPTC Nòdwès la, Ing Angelot Joseph Horacius pou di l repanse mòd konstriksyon bouyi vide ou krizokal sa yo, pral lage popilasyon Nòdwès la nan plis tèt chaje.






