Yon delegasyon ki sòti pòtopwens nan tèt kole ak BLTS vin remoke bato Miss Lilie a ak El Shadaï nan Nòdwès.

1,166

Yon delegasyon ki sòti nan kapital peyi Dayiti a abò yon bato remokè, nan tèt kole ak BLTS branch Nòdwès antre pou vin remoke bato ki pote non Miss Lilie a ak El Shadaï nan pò Pòdpè a apre yon desizyon ki pat jwe anfavè LETA peyi Dayiti sou dosye trafik zam nan.

09-04-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè gwo eskonbrit zam ak minisyon te fin lage gwo deblozay nan mitan popilasyon an nan Nòdwès, yon desizyon chanprelik ta pral pran bò kote Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a nan tèt kole ak komisè gouvènman pakè a, kote yo ta pral ran n yon òdonans kont pwopriyetè bato yo.

Mekontan kont desizyon sou presyon Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a nan tèt kole ak komisè gouvènman an, avoka bato Miss Lilie ak El Shadaï ta pral benefisye yon aksyon refere kote tribinal la ta pral ran n yon desizyon anfavè pwopriyetè bato yo.

Gouvènman defakto Ariel Henry a ki santil vekse kont desizyon tribinal la deside, jounen dimanch 4 septanm 2022 a; fè yon remokaj chanpwèl, mare maren yo jwenn nan bato a, pou wè kouman yo kapab fè bato yo rantre nan kapital peyi a.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske yo pral remèt BAFOS Bato sila yo? Nou pako konnen.

Pou anpil moun, se pral yon kou di pou moun Nòdwès paske, majorite moun nan depatman sila tribitè de pò a, ki donk se pò a ki ba yo lamanjay.

Comments are closed.