Dezyèm jounen manifestasyon nan Ti Gwàv

1,491

Malgre entimidasyon, malgre lajan ki bay pou kraze mouvman pèp la ap fè kont ensekirite, kidnapping, ratman gaz, lavi chè, grangou, mizè tout kalite, popilasyon an te plis ke detèmine yon lòt fwa ankò jounen madi 30 dawout 2022 a, pou li kontinye di non, li pap yo pa danse kole ak fason premye minis defakto Ariel HENRY ap mennen bak peyi a.

Yo te plizyè milye nan lari a pou yo esprime ensatisfaksyon yo, kote yo pakouri wout nasyonal nimewo #2 rive nan nivo Chabann an pasan pa Ti Ginen ak divès ri nan vil Ti Gwàv. Yo tap lanse gwo pawòl piman bouk kont pouvwa defakto Ariel HENRY ak akolit li yo, Konsa, yo estime ke pa gen anyen ki amelyore nan kondisyon la vi pèp ayisyèn an. Depa Ariel HENRY, aba pouvwa PHTK a, aba tout bandi legal, anba ensekirite, anba kidnapping, viv sekirite, viv bon jan kondisyon pou yo viv byen, se kèk pawòl ki pat janm manke nan bouch protestatè yo sou tout pakou yo.

Manifestan yo ki pat mete dlo nan bouch yo, pou denonse epi kondane sekretè jeneral palè nasyonal mèt Josué PIERRE LOUIS yo di, ki bay gwo sòm lajan pou kraze mobilizasyon pèp la.

Protestatè yo ki tal fini manif la devan Kalvè, presizeman a 5 kè 30 minit epi delivre dènye mesaj yo, yo bat bravo pou tèt yo paske yo di, yo pile beton an mas epi an fòs aprè divès manèv chabrak Ti Gwàv ki nan pouvwa a PHTK a tap fè pou elimine mouvman popilasyon an, kap konnen tout kalite mizè san parèy.

Yon lòt bò, sekretè jeneral palè nasyonal la mèt Josué PIERRE LOUIS sou yon estasyon radyo sè nan kapital ayisyèn n nan, demanti tout enfòmasyon kap sikile kòm kwa li ta bay lajan ak yon seri moun pou kraze manifestasyon popilasyon tigwavyèn n nan, li estime ki tout afè jis. Li deklare, se prèske chak week-end li nan vil la. Mèt PIERRE LOUIS fè kwè, pa genyen pèson moun ki kapab anpeche li vini Ti Gwàv lè li vle paske daprè li, li se pitit natif natal Ti Gwàv. Mèt la konfime ke li pat nan lari avan yè; li te nan Fò Wayal ap fè deba ak kèk zanmi sou yon ouvraj li pral mete deyò. Sèvitè leta rapouswiv pou li di ke li genyen yon pòs ki tout afè administratif, li pa genyen anyen pou wè ak politik.

Nap fè remake, manifestan yo kase randevou sou Plas Abèy jounen mèkredi 31 dawou 2022 a, vè 9 vè byen bone nan maten pou kontinye foule beton an jous kaske lavi chè a kaba, fe dola a bese, gaz la disponib nan tout ponp yo, yo rezoud problèm ensekirite a, kidnapping nan e latriye.

JOICY Arnold

Jounal fòs anplis rejyon gwavyèn

Comments are closed.