Somè Lwizyàn nan dezinye ansyen gouvènè BRH la, Fritz A. Jean kòm pwezidan pwovizwà peyi Dayiti

2,886

01/16/2022

(TRiboLAND) Apwè anpil bwàs, latriye delege ki soti nan zantray plizyè akò politik, deside atravè atelye travay nan Somè Tèt Kole Lwizyàn nan, nan peyi Etazini sou dosye Repiblik Dayiti a, vote an majorite ekonomis Fritz Alphonse Jean, ansyen gouvènè Bank Repiblik Dayiti (BRH) pou pwezidan ti bout tan pou Dayiti ansanm ak Myriam Féthière kòm pwemye minis pou peryòd tranzisyon an, dapwè yon twit yon ansyen jeneral ameriken, Russel L. Honoré mete deyò jodi dimanch 16 janvye 2022 sou kont Twitter li.

Avan chwà Fritz A. Jean an, delege yo chèche yon inifòmite ant akò yo ki ta pwàl transfòme an konsansis inifye de sa ke yo rele selon yo menm “Akò initè Lwizyàn nan”.

Konsa, pandan yon parèy dezinyasyon pa sispan fè laviwonn dede rezo sosyàl yo, òganizatè somè a ak tout lòt òganizasyon ayisyèn nan diaspora ki te jwen benediksyon ansyen jeneral ameriken Honoré, konte bay plis detay bay lapwès apwopo dezinyasyon ak reyisit yon parèy somè, dapwè jounal “Le Nouvelliste”.

Comments are closed.