Inisyativ detente vit machin yo lakoz Jouthe ak Lubérice tonbe nan jwèt rat mòde soufle

323

03/09/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Malgre pozisyon opoze sekretè jeneral prezidans lan, Rénald Lubérice, Premye Minis Jouthe eseye kenbe pozisyon li djanm sou kesyon demaske machin vit tente yo ki se youn pami yon seri vye pratik kap bay kidnapping nan tete.

Nan yon entèvywui ke li bay yon jounal kredib anndan peyi a, chèf Primati a, Joseph Jouthe te oblije mete Rénald Lubérice nan plàs li lòske li reyitere ou jistifye desizyon pou demaske vit machin tente atravè peyi a. Jouthe ki rete kwè yon parèy desizyon ki deja jwen benediksyon prezidan an, ap byen ateri.

Li raple Gran Toryan palè nasyonal la ki trè souvan anonse yon seri chanjman apokaliptik, ke se prezidan an ki chèf leta a e li menm se chèf gouvènman an! Se pandan, li pa ezite obeyi lòd prezidan an chak fwa sa nesesè, daprè Jouthe ki t’ap depose nan yon jounal.

Comments are closed.