Militan politik, Rony Timothé akize kèk dirijan nan sèktè demokratik la kòm antite rizyèz ki te resevwà nan men Jovenel Moise, 200 mil dola ameriken

2,025

08/31/2021

Pòtopwens——(TRiboLAND) Pwèske 2 mwa apwè lanmò Jovenel Moise, opozisyon rablèblè a toujou ap ranse e kontinye pèdi plim san ofwi yon altènativ serye ou fè prèv de yon kapasite ki kapab demontre yon pouvwà konvokasyon; alòske chèz pwezidansyèl la rete vid san pwezidan.

Pou anpil moun, se te yon ekip betizyè ki pat janm gen altènativ, men pito ki tap chèche yon debouche ak yon peze kè. Jodi maten 31 out 2021 an, militant politik Rony Timothé pete yon abse lè li pran wout lapwès pou lonje dwàt jouda sou yon seri rizyèz ak raketè nan opozisyon a ki te genyen rapò konstant ak defen Jovenel Moise pandan li te vivan.

Timothé revele ke genyen kèk manm nan Secteur Démocratique et Populaire a ki te resevwà yon montan 200 mil dola vèt nan men ansyen pwezidan Jovenel Moise.

Selon Rony Timothé, genyen kriz majè kap bwàse bil ou yon pichon kap mitonnen strikti SDP a. Pòtpawòl òganizasyon “Viv Ayiti” a pa kache pwowokipasyon li fas ak yon seri nan manm opozisyon an ki asèpte pran yon seri don nan men nèg afè bon nan sèktè pwive a yon fason pou fè distribisyon bay viktim gwoudou gwoudou ki mete ajenou, Gran Sid peyi a.

Rony Timothé rabat pou li di, avèk raketè sa yo, enterè popilasyon an toujou pase an dènye; e li rete kwè òganizasyon SDP a ap fè echèk si li ta pran chans lanse yon mobilizasyon popilè.

Antouka, apwè ralekò ansyen majistra Kwà Dèboukè a, Rony Collin, koulya se kou pa “Viv Ayiti” pou divòse ak òganizasyon Secteur Démocratique et Populaire kap pèdi plim.

Comments are closed.