Pati Politik “Viv Ayiti” deja voye yon sinyàl klè bay nouvo ou ansyen anbasadè Kenneth Merten pou li pa entèfere nan zafè entèn peyi Dayiti

1,612

Pòtopwens______(TRiboLAND) Pwezans nouvo ou ansyen anbasadè peyi Etazini an nan peyi Dayiti, Kenneth Merten pote lòt vye gou anmè, move souvni nan klas politik peyi Dayiti a e nan espwi pèp ayisyen an egalman. Li trè difisil pou yon sitwàyen ayisyen arive bliye tout deriv ak eksè dezèl ansyen diplomat ameriken an ki te fè tèt li pase pou chèf supwèm sèl kòk chante repiblik la sou administrasyon ansyen pwezidan Michel Martelly a nan lane 2012.

Youn nan pati politik ki deja voye yon penga seren bay nouvo ou ansyen anbasadè Merten, “VIV AYITI” ki atravè pòtpawòl li, mande diplomat la rete lwen nan antre san onè ak san lizaj (enjerans politik) nan sa ki regade afè entèn peyi Dayiti.

Selon 2 gwo chabwak nan Viv Ayiti, Rony Timothé ak Biron Odigé, retounen Kenneth Merten antre nan kàd yon rebwàsaj demakaj Wachennton pou manipile gwo desizyon ki dwe angaje lavni peyi Dayiti.

Comments are closed.