Yon chofè senatè Kedlaire Augustin rann piblik tout malvèsasyon ak rad sàl elu Nòdwès la

2,012

08/30/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon entèview ke li bay sou Scoop FM nan Pòtopwens, chofè ou bwà dwàt senatè Kedlaire Augustin, Tisnord Edouard, pran wout lari pou li salanbe ak mete deyò tout kakachat elu depatman Nòdwès la.

Nan interview sa ki se youn ki istorik, Mesye Edouard detrese bò tèt Kedlaire. Li dekri li kòm yon eleman ke li te plis renmen ke pwòp tèt pa li. Chofè Tisnord deklare ke Kedlaire Augustin pa peye l antan ke chofè yon peni pandan 2 lane. Konsa, li estime pran wout lapwès pou fè popilasyon konnen ki yès ki senatè a:Tisnord konfime ke li te toujou pran responsablite pou senatè Kedlaire Augustin.

Biwo senatè pa janm egziste, li fè leta fè chèk sou non neve li ki se Jeff Augustin kòm Kòdonatè biwo senatè a men ki pa anplwàyè sena repiblik la.

Tisnord konfime ke se senate Kedlaire Augustin ki touye Jeff Augustin pou kòb biwo a. Selon chofè a, Jeff ta sanble li genyen 3 ou 4 mwa depi li mouri.

Edouard deklare si DCPJ ap fè travay, li pwèt pou li ta devwale zàk eskanmòtè senatè Kedlaire Augustin yo.

Gade e tande revelasyon Tisnord Edouard ki genyen plis pase 2 lane ap travay kòm chofè senatè Kedlaire Audustin.

Comments are closed.