Lame Malyèn: 3 chinwà e 2 moritanyen kidnape

591

07/18/2021

Kò lame nan peyi Mali anonse yè samdi 17 jwiyè 2021 an, kidnapping 3 chinwà ak 2 moritanyen ki tap travay nan yon antrepwiz konstriksyon nan rejyon Sahèl la, sou zòn fwontyè Moritani.

Se yon atak bandi ki pa idantyàb ni ki pa kapab retrase. Ensidan an pwodwi nan yon chantye travay a 55km vil Kwala, nan zòn sidwès peyi a.

Plizyè ekipman konstriksyon arive vandalize ou detwi, dapwè responsab fòs lòd yo ki pat founi twòp detay.

Comments are closed.