Lapolis Nasyonal Dayiti fouke plis pase 115 moun, pami yo 10 evade pwizon ant 1e me pou rive 5 me 2021

414

05/07/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès ke li bay jodi vandredi 2021 an, Direksyon Jeneral PNH la atravè pòt pawòl enstitisyon an, Marie Michelle Verrier konfime pami 115 moun ki jwen arestasyon yo genyen apepwè 10 nan yo ki se evade pwizon ak yon ajan lapolis ki pote non, Clifford Laurore ke yo akize ki genyen men li tranpe nan asasinay tiboubout li.

Marie Michelle Verrier rabat pou li di ke operasyon ke yo te mennen yo, pèmèt yo arive sezi 11 zàm. Li kontinye envite popilasyon an pou fè prudans e kontinye kolabore ak PNH la pou konbat kidnapping lan. Li ankouraje egalman sitwayen konsekan yo pou yo pa barikade katye yo chak fwa genyen yon kidnapping ki fèt; sitiyasyon blokaj sa yo anpeche lapolis fè travay li jan sa ta dwe fèt.

Enpektris la te pwofite fè piblik la konnen ke enstitisyon PNH la ap pran lanm nan efektif polisye ki koze gwo pwoblèm; konsa, li envite tout polisye ki an detachman pote kole nan travay difisil polisye yo ap fè anndan peyi a.

Comments are closed.